Google

Ayiti/Kriz Politik : Lèt ouvèt a tout moun konsène de pwoblèm peyi nou Ayiti.

Written on:décembre 16, 2015
Comments
Add One
ayiLÈT OUVÈT A TOUT MOUN KONSÈNE DE PWOBLÈM PEYI NOU AYITI, DESANM 2015
Menmsi nou aletranje, antanke desandan konbatan, gèrye vanyan Revolisyon Ayisyèn 1804 la, nou panse se yon devwa pou nou di kichòy sou lavni peyi nou. Nap fè jefò sila a, se paske nou konsyan peyi a ansanm ak Pèp Ayisyen an ap pase yon moman trè difisil nan listwa li. Nou konsyan tou gen yon deba nasyonal ki koumanse fè chimen li la a apati eleksyon malatchong, eleksyon pèpè, eleksyon koulèv ke kidnapè, dwòg dilè, politisyen abolotcho, lelit-tilolit la ansanm ak “core group” la vle foure nan gagann Pèp Vanyan an tou cho. Kidonk, fòk nou bay dizon nou, menm jan ak tout Ayisyen Natif-Natal kap viv sou teritwa a. Nou pa gen solisyon yo. Nou se de eleman konsyan kap pote kontribisyon pa nou nan rechèch solisyon istorik a pwoblèm yo.
1)    Pèp Ayisyen, nou pa dakò ak eleksyon wòwòt, malkuit enperyalis yo ak bann Ayisyen san konsyans yo vle nou vale tou kri a. Pèp Vanyan an dwe kontinye kwape eleksyon sa yo an mas jiskobou. Nou dwe tou siyale menm si pat gen fwod ditou, eleksyon yo pa tap bon paske nou anba lokipasyon ak dominasyon; kidonk, rezilta yo pa tap pou nou de tout fason. Se zafè gwo zotobre ki toujou ap regle nan tout eleksyon ki fèt atravè lemond nan tout listwa limanite. Andotre tèm, eleksyon yo ann Ayiti, jounen Jodi a, se yon fason pou enperyalis yo mete yon seri tyoul nan tèt leta a pou yo kontinye vann peyi a angwo ak an detay, deplimen peyi a, kale tèt, peze-souse Pèp Travayè a epi vòlè richès peyi a genyen anba tè a. Depi 1987, nap patisipe nan eleksyon; 28 lane apre, eleksyon pa janm regle anyen pou nou nan mas pèp la.
 
2)    Ositou, Pèp Ayisyen, eleksyon pa sèl metòd pou bati yon leta. Gen metòd ki pi demokratik pou bati leta. Se pa eleksyon ki te bannou Nasyon an. Zansèt nou te goumen zam-ala-men nan yon Revolisyon ki te kraze baz lesklavaj la pou te bannou yon nouvo leta ki rele Ayiti. Sa te pi demokratik ke eleksyon charony ke boujwa, grandon, politisyen abolotcho ak “core group” la ap bannou jounen Jodi a. Pa bliye Revolisyon Zansèt nou yo te koumanse apati Gwo Konvansyon-Seremoni Bwa Kay Imam 14 Out 1791 ki te mennen a Soulèvman Popilè 22 Out 1791. Pa bliye nonplis, klas dominan esklavajis yo te mennen Pèp la nan kalfou lanmò; kidonk, Pèp la te gen chwa swa mouri oubyen goumen pou Libète; e se la, modòd “Libète ou Lanmò” a te sòti.
 
Zansèt nou yo te chwazi goumen pou LIBÈTE!!! Èske nou pa remake Klas dominan aktyèl yo, politisyen abolotcho yo ansanm ak “core group” la (enkli MINUSTAH) mennen Pèp Vanyan an nan menm chimen lanmò a jounen jodi a tou menm jan ak nan tan Zansèt nou yo? Wi, boujwa yo, grandon yo, politisyen abolotcho yo, “core group” la, entènasyonal la ofri nou lanmò kòm altènativ. Menm jan ak Zansèt nou yo, si nou pa kanpe kingalaganach an plizyè milyon sou beton an pou nou di non, nou pa vle plan lanmò yo a, nou pa vle viv nan mizè ankò, nou pa vle eksklizyon sosyal ankò, nou pa vle pourisman sa a ankò, nou pa vle eleksyon lanmò yo ankò, nou tout ap mouri piti-piti epi an mas. Nap tou “bannann” tèt dwèt, tèt kale! Yap touye nou tout, youn, apre lòt.
 
Gade afè goudou-goudou a ki touye plis pase 300,000 Ayisyen! Gade afè kolera-MINUSTAH a ki touye deja 9,081 Ayisyen pòv ak plizyè milye lòt sou kabann lopital! E kolera poko fini ann Ayiti. Gade masak BOID ak MINUSTAH ap fè nan Site Solèy, Gran Ravin ak lòt Geto! Gade ensekirite a ak kidnaping kap vale teren sou teritwa a kap simaye dèy nan plizyè fanmi nan peyi a! Gade kouman anbasab peyi Brezil deklare li pare pou bay tout Ayisyen ki vle viza jounen Jodi a! Yo bezwen redui popilasyon an a yon nonm ensiyifyan pou senpman gen ase Ouvriye pou faktori soutretans, agwobiznis, sit touristik ak min. Tout sa rantre nan plan destriksyon popilasyon Ayisyèn djanm la ann Ayiti. Pandanstan, blan ap debake nan peyi a pa bann ak pa pakèt nan tout avyon kap rantre ann Ayiti yo nan ayewopò Okap ak nan Pòtoprens. Kisa yo vin regle? Se yon kesyon Pèp Vanyan an dwe koumanse poze seryezman ak entranzijans.
 
3)    Pèp Ayisyen, pou nou mennen batay nesesè a jounen Jodi a, nou dwe sonje byen klè kote nou sòti istorikman. Pèp Ayisyen e Ayiti se Premye Nasyon Nwa men tou se Premye Nasyon Militè sou Planèt la istorikman. Ann esplike! Si nou refere nou a Konstitisyon 1805 Desalin la, li di nan atik 9: “Ou pa yon Ayisyen si w pa yon bon papa, yon bon pitit, yon bon mari, e espesyalman yon bon sòlda; nan atik 15, li di Anpir Ayiti a endivizib; teritwa a distribye an 6 divizyon militè; atik 16 la di chak divizyon militè kòmande pa yon jeneral de divizyon.”  Se fòs zam ki te akouche nou antanke Pèp e antanke Nasyon. Nou se gèrye, desandan gèrye; nou se rebèl, desandan rebèl. Nou pa pè! Nou pap janm pè!!!Tout sa nan kòd jenetik nou ak nan kolòn vètebral nou antanke nasyon. Se lespri gèrye sa a Desalin te di nou ki sèl garanti pou nou kenbe endepandans nou, libète nou ak diyite nou. Nou dwe rejèmen lespri gèrye a, lespri rebèl la lakay nou tout, jounen Jodi a.
 
4)    Pèp Ayisyen, Deba Nasyonal ki gen pou fèt pou oryante lavni peyi a pa dwe yon bagay ant pati politik sèlman. Tout Pèp Vanyan an dwe ladann san mank. Nan tout kwen-rakwen peyi a, Pèp la dwe fòme komite deba, Asanble Popilè nan lari ak lit popilè sou revandikasyon yo genyen e pote revandikasyon yo ak tout pwoblèm popilasyon an devan sèn politik la an priyorite ak fòs mobilizasyon kidonk okipe sèn politik la totalman an pèmanans.
 
Pami revandikasyon sila yo, gen lit pou dwa sendikal, ogmantasyon salè, bon jan kondisyon travay, yon politik lojman de kalite ki reponn a standa enènasyonal, debidonvilizasyon vil yo, yon politik lasante inivèsèl gratis, yon politik edikasyon de kalite, inivèsèl ak gratis, yon sistèm transpò piblik rasyonèl, yon sistèm pansyon, sosyal sekirite ak asirans efektiv, kwape chomaj ak lavichè ets. Popilasyon ki dwe patisipe nan deba yo enkli tout peyizan pòv, dimwatye, 3 lo, vann jounen, Ouvriye nan faktori ak plantasyon agrikòl yo, sou-pwoletè (bouretye, timachann, travayè tout kalite nan lari a), chomè, elèv lekòl, etidyan, pwofesè, chofè tout kalite, sendika, katye nan geto yo, jounalis, atis tout kalite, entèlektyèl tout kalite enkli dyaspora a. Tout moun ladann!!!
 
Pawòl tout popilasyon an dwe fè eko nan tout laprès la. Mas popilè yo kap pote peyi a sou do yo depi lontan dwe frape pye yo byen fò atè a, e pete yon rèl pou tout linivè tande sa yo vle nan peyi d Ayiti jounen Jodi a. Sa se tap yon lòt fòm BWA KAY IMAM! Se deba jeneral sa a ki ka bay posibilite pou nou rive a yon demokrasi veritab lè tout Pèp la ladann e non pa eleksyon-seleksyon fòs-fè-nwa yo nan “core group” la ak bann Ayisyen enkonpetan, vòlò, reyaksyonè, obskirantis ak enkonsyan yo vle foure nan gagann nou an. E pou nou rive la, sa mande lit otonòm mas popilè yo vanse ak travayè yo kòm potomitan sou direksyon klas ouvriyè a.
 
5)    Pèp Ayisyen, si nou dakò ak sa ki di pi wo yo, si nou retwouve nou nan sa ki di la yo, ann planifye yon kanpay kap koumanse ak yon mach pou PREMYE JANVYE 2016 ak plizyè milyon moun nan tout peyi a ke nou rele “DU SÒL SOYONS SEULS MAITRES!” “SE NOU KI MÈT PEYI A!” Nan kanpay la ak mach sa a, nou dwe vini ak tout revandikasyon nou yo, fè koneksyon youn ak lòt, òganize nou nasyonalman pou yon lòt Ayiti tou nèf. ANN FÈ LANE 2016 LA YON LANE MOBILIZASYON JENERAL NAN TOUT PEYI A.
 
Kenneth Merten, ataché Depatman Deta Meriken sou dosye Ayiti a di se pa lari a ki pou deside rezilta eleksyon yo. Nap reponn li pou di, wi se lari a menm ki pou deside paske se la Katye Jeneral demokrasi Pèp Travayè a ye. Dyaspora a kapab fè eko a manifestasyon yo sou diferan fòm nan diferan peyi atravè lemond. Mezanmi, li klè kou dlo kòk se fòs viv, fòs limyè, fòs pozitif yo ki kapab sove nasyon an de wout depaman fòs latenèb, volè grannlijyèn lokal kou entènasyonal yo vle mennen peyi a ak nou tout. NOU DWE KANPE AN KWA AN YON SÈL PWEN POU DI “NON!” MEN KWA MANMAN W, MEN KWA PAPA W, SI W KAPAB, VIN PILE L! NOU VLE YON AYITI LIB, ENDEPANDAN, SOUVREN AK YON PÈP TRAVAYÈ EMANSIPE!!!
 
ABA OKIPASYON MINUSTAH-KOLERA!!!
ABA DOMINASYON ENPERYALIS!!!
ABA CORE GROUP!!!
ABA POLITISYEN ABOLOTCHO!!!
VIV AYITI LIB, ENDEPANDAN, AK SOUVREN!!!
VIV EMANSIPASYON PÈP TRAVAYÈ A!!!
 
Pou otantifikasyon, Lepial Pierre  – Tel:  516-499-1689
 
KOMITE AD HOC SOLIDARITE AK MAS POPILÈ YO, DESANM 2015
 
        

Leave a Comment

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

*